IRA (Ijans pou Rekonstwi Ayiti) ak LE BERGER
Pwopozisyon pou rezoud kriz politik, ekonomik ak sosyal Ayiti a.
Yon mesaj pou nasyon an, opozisyon an, gouvènman an ak Ayisyen nan Dyaspora a.
Pou kreye yon klima estabilite, lapè, sekirite epi evite yonjenosid akòz vyolans kontinyèl tankou kidnapin, vòl, vyòl elatriye…ki soti nan zam ilegal yo nan peyi a; IRA ak Le BERGER mete ansanm pwopozisyon sa a kote Padon Nasyonal ak Rekonsilyasyon Nasyonal pral tounen fondasyon nouvo Ayiti ke nou tout ap reve a.
1 - Tranzisyon ak Dire li
Yon Tranzisyon ak tout sektè plis Dyaspora Ayisyen kit yo natiralize e/oswa yo toujou kenbe sitwayènte Ayisyen yo.
1.1 Tan tranzisyon an ap dire a pral diskite pandan yon konferans nasyonal epi baze sou tout estrikti ki nesesè anvan òganizasyon eleksyon yo (Prezidan, Senatè, Depite, Majistra, Kazèk, Azèk, elatriye...).
2- Konpozisyon
Pouvwa Egzekitif la pral dirije pa yon Prezidan ak yon Vis Prezidan ki rele Premye Minis an Ayiti.
2.1- Mo Vis Prezidan an pral ranplase Premye Minis la pou evite repetisyon senaryo ki abitye pase nan Palman an (Chanm Depiteyo ak Sena a); epi Vis Prezidan an pral travay nan Palè Nasyonalak Prezidan an nan tèt kole yon fason pou diminye depans yo, privilèj yo epi rete sou menm paj pandan tout dire tranzisyon an.
3- Amannman Konstitisyonèl ak/oswa Refòm
Rekonèt kreyòl kòm lang ofisyèl, epi bay Kreyòl la priyorite nan tout aspè, tout aktivite chak yo
Drapo Ayisyen an Nwa ak Wouj
Revizyon iminite ak privilèj tout ofisyèl eli oswa nome tankou Prezidan, Vis Prezidan/Premye Minis, Senatè, Depite, Minis, Direktè Jeneral, Sekretè Leta, elatriye…
Yon resansman nasyonal kap gen ladann entegrasyon Dyaspora Ayisyen an ak tout lokalizasyon yo aletranje
Yon Konferans Nasyonal pou redefini direksyon peyi a kap gen ladan:
a. Defans, Lame, Lapolis ak Ministè Enteryè
b. Agrikilti
c. Edikasyon
d. Sante
e. Jistis
f. Anviwònman
g. Enfrastrikti
h. Transpòtasyon
i. Touris
j. Planifikasyon ak Kowoperasyon Ekstèn
k. Diplomasi/Afè Etranjè
l. Ekonomi ak Finans
m. Komès ak Endistri
n. Telekominikasyon
o. Teknoloji Enfòmasyon
p. Espò, Jènès ak Aksyon Sivik
q. Kilti, Relijyon, Vodou
r. Travay ak Afè Sosyal
s. Enèji
t. Achiv Nasyonal
u. Sèvis Postal
v. Resous natirèl ak min yo
w. Rechèch ak Devlòpman
x. Volontarya
4- Sistèm Politik
Entwodwi yon Sistèm Politik Federal pou elimine konsantrasyon pouvwa a nan “Repiblik Port Au Prince”, epi enplemante yon plan devlopman alontèm kap baze sou desantralizasyon, dekonsantrasyon, konpetisyon, kalifikasyon, konpetans ak opòtinite egal pou tout moun.
4.1- Nou pral nome 10 Gouvènè (1 pou chak Depatman)
10 Senatè ki rete yo ap rete nan biwo jiska dezyèm Lendi ane pwochèn (9 Janvye 2023). Tout lòt manda ki fini yo pral nometankou Majistra, Kazèk, Azèk, Delege Depatmantal, Delege Vilelatriye...
5- Bandi Ame yo/Gangs
Yon Iminite pral negosye ak tout sitwayen ki gen zam ilegal kote tout zam ak minisyon/bal yo pral tounen pwopriyete Fòs Ame Ayiti (FAA).
Yon fwa yo remèt zam yo, yo pral otomatikman entegre Fòs Ame Ayiti (FAA) pou sekirize tout fwontyè Ayiti yo.
Depatman Jistis pral remèt/ba yo yon sètifika pou asire ke okenn gouvènman pa pral pouswiv yo alavni pou aksyon pase yo te fè yo.
6- Kontra avèk Leta
Revizyon, Sispansyon, revokasyon oswa renegosyasyon tout kontra Leta te fè ak Leta, sektè prive plis kominote entènasyonalla (Telekominikasyon, Pò, Ayewopò, Enfrastrikti, elatriye.)
7- Prizon
Refòm prizon kap gen ladann relokalizasyon/demenajman
Tout kontra yo dwe revize, sispann, revoke oswa renegosye
Tretman ak dwa prizonye yo
8- PNA/PNH
Endepandans Polis Nasyonal Ayiti (PNA)
a) Refòm (rekritman, inifòm, idantifikasyon, grad, pwomosyon, prim, benefis fanmi, elatriye.)
b) Reentegrasyon avèk konsiderasyon
9- Endepandans Sistèm Jistis la
Pou elimine tout konfli enterè, pou evite tout abi pouvwa ak pèsekisyon politik; gouvènman tranzisyon an pap enplike nan okenn pwosesis jistis tankou dosye Kowoperativ, Petro Caribe, CIRH, ak jijman pou tout viktim, tout masak san eksepsyon, sou popilasyon sivil la, polisye yo ak jounalis yo ak asasina Prezidan Jovenel Moise.
10- KEN/KEN vs KEP/CEP
Yon Konsèy Elektoral Nasyonal (KEN) oswa Kolèj Elektoral Nasyonal (KEN) pral ranplase KEP/CEP a avèk tout refòm konstitisyonèl ak enstitisyonèl, pou elimine tout tras koripsyon, enjerans entènasyonal epi kreye yon sistèm transparan kote nap rapatriye souverènte Ayiti atravè eleksyon yo (lajan ak materyèl electoral yo dwe soti/fèt an Ayiti).
10.1- Eleksyon jeneral yo pral òganize (pa eta/depatman, pozisyon oswa jiridiksyon)
Max Gerson PaulFritznel Raymonvil President IRA President Le Berger
maxgersonp@yahoo.fr fritznelraymonvil@gmail.com +1 754-273-0077+1 954-638-6642
011 509 4445-0323
Comments